Egzamen bakaloreya, nan mitan koripsyon ak koupdimond

Temps de lecture : 1 minute

Dernière mise à jour : 25 juin 2018 à 18h16

Egzamen bakaloreya jan li te anonse a ap gen pou dewoule soti lendi 25 jen pou rive jedi 28 jen 2018, men chaje yon bann ak yon pakèt faktè ki moutre sistèm nan fèb e ki kite elèv yo ak anpil perèz. Sitou nan peryòd egzamen an ap fèt la.

Egzamen bakaloreya se dènye etap kote elèv yo ap di lekòl babay pou yo ouvri yon lòt paj nan lavi yo. Kote aprè 16 lane lekòl, y ap resi met yon fen nan kous sa a. gen anpil efò k ap fèt kote elèv yo e kote lekòl yo, gen anpil kou ratrapaj anpil seminè ki ap fonksyone nan lide pou asire reyisit elèv yo ki prale nan egzamen an. kèk elèv k ap eksplike : « Nou anvi jou a rive an menm tan kè nou ap sote malgre nou bat nay men nou pa konn kijan egzamen an ap prezante ».

Yon lòt bò gen yon ekip endividi mal entansyone ki ap pwofite de moman egzamen an pou yo plen pòch yo sou do elèv yo e sa tou dekouraje yo travay ak etidye paske yo di yo : « Depi nou bay yon ti kòb, nou ap fè nou jwenn egzamen an depi nan dimanch sou telefòn ». Sa ki vin fè kèk elèv tou neglije etidye nan lespwa yo ap jwenn egzamen sou telefòn.

Koupdimond lan kote pa l, diminye nan konsantrasyon elèv yo. Sa ki mete anpil perèz lakay yo ak paran  se paske egzamen ap dewoule pandan koupdimond lan ap fè wout la tou. Mesye Leo, yon fanatik Brezil, gen yon pitit li ki pral konpoze ap pataje enkyetid li : « Èske siveyan yo pral byen fè travay yo pandan Ajantin ak Nijerya ap jwe e aprè match la selon rezilta a kijan yo pral ye nan sal yo ak elèv yo? »  Pou piti gen 2 match pa jou pou Koupdimond lan. Nan 26 ak 27 jen ap gen match ki ap pwovoke anpil tèt chaje: Nijerya fas Ajantin epi Brezil fas Sèbi, èlèv yo ap priye pou yo pa pase anba woulo remò siveyan (fanatik).

Antouka pou egzamen bakaloreya sa a, sa ki ka priye priye! Sa ki ka jete dlo jete dlo! Paske jwèt la make san.

Men nou ta swete leta entèveni nan fason pa li pou anpeche akòz koupdimond lan elèv yo kriye san.

 

Tyson Duverger

À propos Tyson Duverger

Je suis Tyson Duverger. Étudiant à la faculté de linguistique appliquée, slameur et photographe, électricien, intéressé à tout ce qui a rapport avec la psychologie.
x

Check Also

Yon foto ou yon videyo pi enpòtan?

Chak jou, nan lemonn moun pa sispann itilize telefòn yo, ...

Share via
Copy link