Èske soulye peyi ap sispann chire chosèt?

Temps de lecture : 3 minutes

Dernière mise à jour : 25 juin 2018 à 19h49

Ayisyen pase tout bagay nan rizib, ata pwòp tèt li pafwa. Se sa k fè mwen pa t etone premye fwa m te tande ti chante sa nan bouch yon timoun: « Soulye peyi chire chosèt[e], machann diri, machann diri… ». Ti chante a t ap byen woule nan bouch ti pitit la, sou melodi im nasyonal ayisyen an. Se te fason pa l pou l anmize l. Li t ap depoze yon seri mo atè (an Kreyòl) ki sonnen menmman parèyman ak mo ki nan pawòl im nasyonal la (an Franse: Pour le pays, pour les ancêtres/Marchons unis, marchons unis…). Si yon moun t ap tande de lwen, li te ka panse se yon ayisyen jouk nan nanm ki te gen Desalin li moute l ki t ap chante a. Pòdjab ti inonsan an.

Mwen pa konn kiyès ki te konpoze ti chante a, men m oblije wete chapo devan talan l. Mwen p’ap sispann di noumenm ayisyen, nou gen talan. Bon nou genyen l vre! Lòt pèp yo tou, kot sa n pa ka di la? E nou wè tou, sa yo fè ak talan yo a. Se chak jou n ap rete bouch louvri devan sa lòt nasyon reyalize. E se toujou yon fyète pou nou pou n di se salon etranje ki lakay nou, wòb maryaj nou se lòtbò nou te voye achte l, soulye nou se soulye etranje…elt. Mwen pa kont pèsonn ki konn di sa. Dayè nou pa egare e nou konn sa ki bon, bagay bon kalite. Nou gen rezon. Mwen pa bay pyès moun rezon non, mwen sèlman di nou yon koze ke gwo zotobre isit pè di nan gwo kalbas yon fason pou « patriyòt patriyotik » ak « nasyonalis nasyonal » pa kouri dèyè yo. Men aksyon yo moutre n aklè ke nou gen rezon vre. Kiyès ki pa konnen se Doubay yo te enprime bilten vòt yo nan dènye eleksyon yo? Kiyès ki pa konnen se fim dominiken ki pede jwenn kontra konstriksyon nan peyi isit? Eske gen fim nan peyi a ki ka bay sèvis sa yo tou? Genyen, men sa pa t anpeche ke se fim ki nan lòt peyi ki te jwenn kontra yo. Eske sa s’on pwoblèm? Ki kote pwoblèm nan chita?

Tout moun ap bay mato

Mwen pa pral vin kanpe an konesè pou m di n men sa k bon, men sa k pa bon. Epi, nou granmoun ase tou. Sèl sa m konnen, se pa sèlman soulye peyi ki chire chosèt. Nan itilize vye zouti, anplwaye moun san konpetans, itilize estrateji pou blofe moun, jwe jwèt ti zanmi (paske se nan sa yo nou pi fò), endistriyèl ak lòt pwodiktè isit, anpil fwa, pa rive bay pwodui ki gen kalite. Tout moun antre nan lojik « bay mato » a. Mekanisyen isit pa janm fin ranje machin ou byen. Makèt ap vann ou pwodui ekspire, simantri ap vann ou tè pou siman, machann ap vann ou vyann, bannann ak marinad dòmi. Tout moun sou bay mato. Bagay la soti anlè, kidonk mas pèp la blije antre nan menm lojik la paske « li pa egare ». Nou vin rive nan yon nivo kote sa ki rele etik ak konsyans prèske disparèt nan sosyete nou an.

Yon Leta bèbè

Ti rale sa vin menmen nou tou dwat nan kesyon nou te poze pi wo yo. Eske se paske Leta ap chache sèvis bon kalite ki fè li pa sèvi ak fim lokal yo anpil fwa? M ap tann repons nou. Fò n di ke Leta tou, li pa jwe wòl kontwolè li genyen an. Yo p’ap vizite izin, yo p’ap enspekte makèt ak mache, ni tou yo pa fikse nòm pou anyen. Tout moun granmoun. Men nou pa wè ke plis n ap granmoun se plis peyi a ap vin pi mal. Men kilès ki ka di « otan », si menm Leta pa gen ase fòs pou l frape men l sou tab la? Poukisa tou nou toujou ap plenyen, di yo favorize konpayi etranje sou nou, epi nou konnen byen pwòp sa n pwodui yo, sèvis nou ofri yo pa respekte nòm?

Ayiti ap fin kraze tikal pa tikal. E pa gen Leta ki gen men l ase pwòp pou l frennen dezòd k ap fèt nan tout nivo nan sosyete a. Jiskibò n ap rive? N ap pwone pwodiksyon lokal, poutan nou pa janm kesyone kalite pwodiksyon an. Si n kontinye konsa, soulye peyi ap toujou chire chosèt.

Carl Edens PIERRE

À propos Carl Edens Pierre

Carl Edens Pierre fait une étude en linguistique appliquée à l'Université d'Etat d'Haïti (UEH). Né à Croix-des-Bouquets, Il est écrivain-poète.
x

Check Also

CLIHA lance « A bout portant » !

« Ayiti, entreprendre et réussir », c’est autour de ce ...

Share via
Copy link