Ki pwochen etap la?

Temps de lecture : 1 minute

Dernière mise à jour : 30 janvier 2019 à 22h59

Chak segonn, chak minit ki pase pèp ayisyen an pa janm bouke tann yon chanjman, malgre yo pa wè ni pye l ni tèt li. Sitiyasyon politik plis eta ekonomik peyi a pouse nou poze ti kesyon sa: KI PWOCHEN ETAP LA?

Prezidan moute, prezidan desann poutan pri pwodui premye nesesite yo moute yo pa janm desann. Nan tout lari, nan tout mache, tout ap di yon sèl bagay kote peyi a prale, chak ane yon pakèt sitwayen, jèn kou granmoun ap kite peyi a nan lespwa pou yo jwenn yon lavi miyò.

Gen sa ki gen chans jwenn yon bagay pou yo degaje yo, konsa genyen malerezman ki pa jwenn chans sa. Grangou ranplase im nasyonal la paske anvan 8è vant tout pitit peyi a gentan sou le brezeng. Nan moman kote majorite depo ap fèmen pòt yo, nou ta renmen konnen ki pwochen etap la? Nan moman kote ensekirite tabli menm anndan lakay nou, kote menm anndan yon komisarya ou pa an sekirite, nou ta renmen konnen ki pwochen etap la?

Èske yon ameriken vo 81 ayisyen ?

Jan Frè Gabe di l nan yon mizik : » Pandan goud la ap pran soumaren epi dola a ap pran djèt » pa gen pyès nonm nan leta a ki di yon mo. Nou ta renmen konnen ki pwochen etap la ?

Pèp la nan mizè pandan responsab yo kontinye ap ba yo pawòl dous, anpwalye leta pa ka touche epi gen direktè k ap touche plizyè mil dola meriken. Nou dwe Venezyela, li menm ki te fè nou favè, epi nou kanpe anfas li ankò, nou vle konnen ki pwochen etap la?

Nou pa konn si nou va jwenn repons la, men èske prezidan an oubyen youn nan gwo chabrak yo ka di nou ki pwochen etap la ?

À propos Tyson Duverger

Je suis Tyson Duverger. Étudiant à la faculté de linguistique appliquée, slameur et photographe, électricien, intéressé à tout ce qui a rapport avec la psychologie.
x

Check Also

Yon foto ou yon videyo pi enpòtan?

Chak jou, nan lemonn moun pa sispann itilize telefòn yo, ...

Share via
Copy link