Kisa lalwa di sou moun ki bay lòt kou nan figi?

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 18 janvier 2019 à 14h31

Nou tout konnen kijan ayisyen sansib pou figi yo. Youn nan pi gwo derespektan ou ka fè yon ayisyen, se lonje dwèt nan figi l. Zafè kalòt, souflèt la, yo pa negosye sa ditou! Anpil gwo diskisyon konn fèt, de fanmi konn divize akoz yon kalòt konn pati nan mitan yon diskisyon. Kisa lalwa peyi n di sou sa ? Si yon moun ban m yon kou nan figi m, èske m ka pote plent nan Tribinal pou li ?

Atik 5 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, youn nan tèks ki site nan Konstitisyon Ayiti a, ki vle di Ayiti dakò ak sa ki ladan, di konsa: « Yo pa gen dwa maspinen yon moun ni fè l sibi move tretman, ni trete l tankou bèt osinon fè l pèdi lonè l ». Nou tout konnen kòman ayisyen pran mal zafè pran kou nan figi a. Se yon bagay, dapre jan nou konsidere l nan peyi nou, ki fè moun ki viktim pèdi lonè l. Kidonk se yon bagay enstriman jiridik entènasyonal yo pini.

Mete sou sa, Kòd Penal ayisyen an bay ki pinisyon sila ki bay lòt kou dwe pran nan dezyèm pati chapit ki trete krim ak deli moun konn fè kont lòt. Pou zafè kou nan figi a, atik 256 Kòd Penal la klè. Li di konsa :
« Moun ki bay yon lòt kou nan figi dwe fèmen nan prizon pou yon peryòd ki varye ant 6 mwa ak 2 zan. Si li te pare tann viktim nan pou l fè zak la li dwe fèmen pou yon peryòd ki varye ant 1 an ak 3 zan ». Kidonk lalwa pini moun ki leve men nan figi yon lòt pou kelkeswa rezon an.

Èske gen eksepsyon lè se paran k ap leve men sou pitit li? Yon lwa ki ratifye 10 septanm 2001 entèdi paran oubyen pwofesè ak direktè lekòl pini timoun nan ba yo kou sou kò yo kòm pinisyon. Sa vle di zafè kalòt kòm pinisyon an pa ladan l. Nou pa dwe neglije tou, kilti nou, ki makònen ak sa labib di, fè anpil paran mal wè yon lwa konsa. Men nan yon peyi layik tankou Ayiti, tout sa ki kontrè ak lalwa ta dwe tonbe.

Kidonk pou kelkeswa ka li ta ye a, pyès moun pa gen dwa leve men nan figi yon lòt sèlman si se ta pou defann li. Lè sa lalwa ap konsidere sa yon lòt jan. Alòs si paske li fache oubyen paske li nan kont ak ou, yon moun leve men nan figi w, pa rete sèlman nan bouch pou n di entèl ap peye sa oubyen pran chemen lamontay pou li, Tribinal ayisyen ap resewva plent ou a, jije sila ki fè zak la e ba w jistis ou.

Vanessa Dalzon

* Article 256 du code pénal haïtien :
[…] Si les coups sont portés au visage, le coupable sera puni d’un emprisonnement de six mois à trois ans.
S’il y a eu préméditation ou guets-apens, l’emprisonnement sera dans le premier cas, de trois mois à trois ans, et dans le second cas, de un an à deux ans.

À propos Vanessa Dalzon

Vanessa Dalzon est Rédactrice en chef à Balistrad, diplômée en Droit à l'Université Quisqueya (UniQ). Elle est l'auteure du roman « Opération-Rupture », chronique publiée dans Balistrad pendant 22 semaines. Vanessa Dalzon partage son temps en dehors du bureau entre l’écriture, la lecture, le chant et les séries télé.
x

Check Also

Balistrad : cinq années sous le signe de la résilience

Un groupe de jeunes, d’étudiants de divers horizons emmenés par ...

Share via
Copy link