Pont Dumarsais Estimé, inauguré en 1950, suite à la destruction en 1935 du premier pont de la Grand'Anse et les Jérémiens de moins de 50 ans n'en ont jamais entendu parler, n'en ont jamais vu une photo, n'ont jamais entendu parler de l'inondation de 1935 qui emporta à la mer des centaines de cadavres, l'ancien pont en fer construit sous la présidence de Hyppolite. | source : Haiti connection culture

Kisa n ap di ak Pon Grandans lan?

Temps de lecture : 2 minutes

Dernière mise à jour : 27 octobre 2018 à 20h14

Sa fè lontan depi pyès otorite pa janm pase men nan pon Grandans lan, pandansetan li pa sispann degrade. Pon sila a se yon moniman ki te konstwi sou prezidan Dumarsais Estimé, yon nonm ki te gen anpil vizyon. Li te konprann nesesite pou li te mete nan depatman an yon enfrastrikti de kalite, yon fason pou l te amelyore transpò a. Paske se bwafouye moun yo te konn itilize pou travèse lòtbò rivyè ki relye Jeremi ak kèk lòt komin ki mennen nan antre vil la. Pa bezwen imajine ki kalvè moun nan epòk la te konn pase lè rivyè Grandans desann. Jodi a n ap atire atansyon tout otorite pou yo aji rapidman.

Jan sitiyasyon an ye la, sa mande pou dirijan lokal, depatmantal mete tèt yo ansanm pou pote revandikasyon pèp lan. Sa konsène tout moun nan depatman an. Politik pa gen dwa ap fèt pou anpeche pon Grandans lan gen antretyen ki fèt ladan l. Li ta dwe fèt pou fòse Leta asime responsabilite l. Pa gen kabotaj ankò. Sa ki te konn pèmèt peyizan yo voye manje nan kapital la pi fasil pa vwa maritim. Te gen yon antre ekonomik nan nivo sa tou. Ayewopò a li menm tou pa fonksyone, ki fè se sèl pa vwa tèrès transpò ka fèt. Epi, wout nasyonal nimewo 7 la poko fin kòdjòm, sitou pati ki soti nan depatman Sid lan pou mennen nan Grandans. Nan kontèks sa a se mèt kò ki veye kò.

Yo toujou trete depatman an tankou pitit soyèt. Se vòt popilè a ki konte sèlman pou otorite yo. Pa gen vizyon, pa gen sansibilite, pa gen volonte pou chanje anyen. Si gen vizyon se kote kèk grenn moun men ki pa gen mwayen ni pouvwa, si gen sansiblite se kay kèk grenn pitit depatman an ki rete atache ak li malgre sèten ladan yo p ap viv la, sa ki ap evolye swa nan kapital la ou nan peyi etranje. Si gen volonte se pami kèk militan ki konsekan, ki vle reyèlman pou sa chanje san fòs kote. Li pa nòmal pou yon pwoblèm konsa pa zwenge konsyans pyès moun nan sousi pou ta pote yon solisyon ak sa. Poutan, depatman an bay anpil gwo tèt nan tout nivo: lè fèt Senlwi vil la pa gen kote pou pike zepeng.

Li lè li tan pou zafè ying-yanng, chirepit, ti klan gwo klan, ti zanmi an sispannn pou enterè depatman an priyorize. Imajine pon an te efondre diran siklòn Matye an. Sa t ap pi grav. Erèzman sa pa fèt. Lè n ap konstwi se pou dirabilite, pou kite pou jenerasyon k ap vini. Fòk popilasyon an sou brenzeng li, pou l pa pran zannana pou sizann. Pon an se fyète depatman an, li leve vizaj li. Li evidan jodi an, pon Grandans lan se yon referans. Si prezidan Estimé te ka fè konstwi yon chedèv konsa, li te wè trè lwen. An n pa kite se lè l tonbe, fè dega pou tande Leta kouri fè yon ti pasrèl ki p ap menm gen rezistans pou pote yon kabwèt. Kidonk, enterè kolektif sipoze priyorize san patipri. Fòk pon Grandans lan reyabilite !

Jean David DESTINVILLE

À propos Jean David Destinville

Jean David DESTINVILLE, un être réflexif...
x

Check Also

Le sens de la solidarité dans les relations humaines

L’homme appelé à vivre en société sous l’égide des lois ...

Share via
Copy link