Accueil / Blog / À la une dans Balistrad / Kouran nan Pòtoprens: yon kwa sou do Laskawobas

Kouran nan Pòtoprens: yon kwa sou do Laskawobas

Temps de lecture : 4 minutes

Nan yon moman kote koze kouran vennkat sou vennkat ap pale, nou panse li enpotan pou n fè on kout je sou sitiyasyon ki lye ak kouran nan komin Laskawobas. Nou pa bay tèt nou objektif fè yon travay teknik kite ka rete sou konbyen kouran ki pwodui, kouman fil elektrik yo pase, konbyen poto elektrik ki plase e kouman yo plase, elatriye. Nou antann rete pito sou, premyeman, retonbe pwodiksyon kouran an genyen sou popilasyon kote li pwodui a e, dezyèmman, brake pwojektè sou yon sitirasyon ki, daprè nou menm, dire twòp: move rapò ki gen ant Leta ak kolektivite yo ki lakòz seksyon Lawòy ak Tifon (komin Laskawobas) gen yon mòn y ap monte pa do. Sa p ap anpeche, selon egzijans travay la, nou fè ti pase sou kèk done teknik.

Baraj Pelig la fèt nan lane 1957-1958. Kò jeni lame amerikèn nan te konstwi baraj pelig la nan komin Laskawobas. Konstriksyon an te jwenn finansman Eximbank ki se on bank amerikèn. Baraj la te reponn a de (2) objektif fondamantal: yon bò, jere fòs dlo k ap soti nan sendonmeng pou evite l anvayi vale latibonit la e yon lòt bò, pwodui kouran atravè yon sant « hydro-electrique » yo te tou mete anplas. Kouran ki pwodui a te prensipalman pou konsomasyon nan depatman lwès.

dlo pote m ale !

Jan nou di l la, baraj la reponn de (2) kesyon. Men tousuit, li poze pwòp kesyon pa l- komkwa nou p ap janm sispann gen kesyon pou n reponn ; tousuit yon nouvo pwoblèm parèt : anviwon 6 400 ekta (4 962 kawo) tè tonbe anba dlo. Tout tè sa yo se te konn abitye pwodui manje. Ou vin anfas on seri peyizan ki te pratikaman gen otonomi alimantè ki, nan espas on ti tan, tonbe nan mizè. Tout tè yo ak tout danre ki sou yo, zannimo yo ale nan dlo. Se konsa sa ye depi swasantan (60tan). Kisa Leta di nan sa ? Si n konsidere latè kom richès, si n konsidere rapò ayisyen tabli ak tè yo, nou ka di, sandipetèt, peyizan yo pèdi pi gwo richès yo. Ki prizanchaj Leta fè ak dosye sa a ?

Daprè sa kèk peyizan rapòte n, dlo a monte sanzatann. Kivledi, sa ka rive yo fin plante oubyen yo nan peryòd rekolt, epi britsoukou dlo a monte ! Tout bagay pèdi ! Lè konsa, tout moun ki te nan basrak ki pa konn naje mele. Dèfwa gen moun dlo a konn pote ale. San konte zannimo.

Eksperyans sa a raple n enpak fouye min konn genyen sou yon seri popilasyon nan peyi amerik latin nan. Nan moman y ap prezante pwojè yo, anpil lobbying fèt pou fè yo pase tankou se pi bon pwojè moun p ap janm wè. Kou yo fini, yo tounen yon pwa senkant sou lestomak moun yo. Nou sèten se konsa pwojè baraj la te rive jwenn popilas zòn laskawobas lan.

Kot kouran an pase ?

Santral pelig la pwodui anviwon 54 megawat kouran. Nan on premye moman, kouran an te destine sèlman pou konsomasyon nan Potoprens. Sa fè kèk tan depi Leta pran desizyon pou pataje l ak kèk komin tankou Mibalè, Lachapèl, Laskawobas (aprè swasantan l ap pwodui kouran), elatriye.

Kouran ki rive Laskawobas la gen de (2) pwoblèm. Premyeman li fèb. Dèfwa li pa menm ka limen yon bon anpoul. Mete sou sa, se toujou yon goumen ant popilas la ak moun ki gen gwo otorite dèyè do yo pou koze transfomatè. Kivledi, pa gen bon mizanplas ak jesyon nan nivo Leta ki fèt sou koze a. Dezyèman, kouran an kouvri sèlman seksyon wanpa ak Sant Vil la. De (2) ,seksyon kominal ki pi frape yo pa menm pran sant kouran an. Paralèlman, li enpòtan pou n siyale komin Mibalè ak kèk lòt zòn ap benyen nan kouran. Mete sou sa, kouran ki sot Laskawobas la rive jiska Tigwav. Kididonk, li vrèman enposib pou n konprann lojik ki fè Laskawobas paka gen kouran an.

Nan mesaj EDH ap klewonnen tout lajounen nan radio, li di: EDH pa bay kouran se vann li vann kouran! Nan kouran sa EDH ap vann nan fòk nou raple gen yon bon pati ki soti nan santral idwo-elektrik pelig la. Kisa komin nan benefisye nan lajan sa? Moun Lawòy ak Tifon, anplis move lavi dlo a pote pou yo, anplis kouran yo pa genyen, toujou ap viv nan on kominote san yon bon lekòl nasyonal, san yon lise, san yon sant pwofesyonel, san on sant sante. Pou n konprann lojik la, nou ka sèlman f on kout je sou kijan Leta jere peyi a. Tout resous peyi a fè koub al Pòtoprens. Kivledi, kòb kouran n ap pale la a, li pa gen okenn vokasyon pou jere pwoblèm kolektivite ki jenere l la.

Dènye pawòl

Koze kouran n pale la a se senpleman on pretèks pou n touche on pwoblem ki pi nan fondè peyi a : Leta sa a pa nan enterè malere. Si apre anviwon swasantan rekolt peyizan ap pèdi, dlo ap bwote moun ak zannimo ale san pa gen anyen ki fèt, sa montre aklè pa gen volonte. Poudayè, pèsonn paka di se mwayen ki pa genyen. Anviwon twa milya dola vèt sot mal pase nan peyi a la a. Pèsonn paka di kisa l regle. Malerezman, jiskaprezan tout dwèt-long-siperyè ki fè wout kwochi ak li a poko kwoupi dèyè bawo prizon.

Nou panse se yon nesesite pou gen yon lot rapò ki devlope ant Leta ak kolektivite yo. Sepandan, nou dakò deja Leta pa konn fè kado. Se batay ki pou fòse l trete grannèg ak malere egalego. Sitirasyon nou tante dekri nan ti travay sa a pa sèlman egziste nan Laskawobas. Se nan tout peyi a Leta ap kase kou malere pou fè boujwa plezi. Kidonk, se nan tout peyi a pou n leve kanpe pou n choute modèl Leta sa a ak tout reprezantan l yo.

Olson Pierre (Aksè)
(509) 3175-4743
olsonpierre1@gmail.com

Donner un like à notre page facebook

À propos Guest Author

"Le savoir que l'on ne complète pas chaque jour diminue tous les jours."
x

Check Also

Retrouvons notre humanité

Vous avez sans doute vu cette vidéo devenue virale sur les réseaux ...

Pays lock, un nouveau mot dans le lexique haïtien

Pays lock, l’expression existe à peine dans le lexique socio politique et militantiste ...