© Zimbio

Lèt tou louvri pou Jean-Charles MOISE, ansyen pal-man-tè

Temps de lecture : 2 minutes

Lidè Moïse,

Jodi a, mwen santi yon gwo nesesite pou m adrese w moso lapawòl. Tankou mwen ak ou konnen, dyalòg se baz tout sosyete. Se avèk li tout Chita Tande fèt e li toujou pèmèt nou antame bon jan diskisyon ki ede n kèk fwa antann nou sou yon seri pwen. Li ede bese anpil gwo tansyon. Se nan sans sa, m ap tou pwofite poze kèk kesyon m panse ki p ap deranje w.

Lidè Moïse, konpatriyòt mwen ! M ap fè yon fason pou m dirèk, san m pa fè wout kwochi, pou m di w yon gran mèsi pou kote w mennen batay popilasyon an. M t ap santi m egoyis menm jan ak ou si m pa ta mete pran titan sa pou m felisite w pou gwòse estrateji sa ou konnen pou w itilize yon fason pou w atire vè ou menm tout atansyon popilasyon an. Podyab li, li san konprann ! Li lèse l gide pa tout malpwòpte lavalas bwote lage nan rivye lespwa yo. Kiyès ki pa ta dwe rekonèt kouraj ak foug ou nan kouri dèyè frè w yo k ap vòlè nan Leta a !

Lidè Moïse, ou s on gwo lidè vre ! Sa tout moun konstate l. Lè w kapab pran mouvman PetroChallenge lan, ki te se sèl grenn espwa popilasyon an te rete pou te relanse sosyete an, w kraze l nan on ti tan konsa pou w kapab atire pwòp dezi chèf ou, monchè w san gran lidè ! Listwa ap pran nòt pou ou ! Paske w gen pou w prezidan tankou jan foli sa pran w chak jou an ! Se sèl anvi w. Se gran dezi w. Atò… 3 manda nan tèt meri Milo, 6 zan antanke pal-man-tè ak jou antanke konseye prezidan Preval pat sifi pou w te chanje koulè drapo an, w ap vin fè l la, pa vre ? (Bon m fou).

Lidè Moïse, eske w konsyan sou sa w fè mouvman popilasyon an tounen ? Eske daprè ou menm, s on bagay pou se foto w ak drapo w ki nan tout manif yo kote lidèchip san idewoliji w lan pèdi moun yo nan touf fènwa ? Eske w pa youn nan moun k ap kreye divèsyon pou fè pèp la bliye PetwoKaribe an ? Eske se paske w talman tizè ki fè w bliye si w pami sila ki konn ap defann konstitisyon sa a ? Eske se tèlman w tizè ki fè w bliye si w konn vlope kò w ak drapo wouj ak ble ? Di m non, kisa ki nan tèt ou vrèman ? Si m ap chache yon modèl lidè, m ka pran w ?

Lidè Moïse, m p ap rete anpil, banm poze yon kèk lòt kesyon pou m ale : bon lidè, kot lide w ? Ooo… peyi w ap ankouraje boule a, pitit ou ap viv ladan l, pa vre ? Pandan wap pare pou w al nan ONU, gen moun kap mouri ! Pandan w ap di w lidè, preske pa gen anyen aprè tizè pouvwa w ki atache w ak Ayiti.

Atò gran lidè tankou w, poukisa se lè gen pwoblèm sèlman nou tande w? Gran revolisyonè tankou w, kisa w prè pou w pèdi pou Ayiti ? ? Non. ..non. .. mwen mal di: si peyi a boule vre , eske w ap pami moun kap pèdi yon byen, yon pitit, elatriye ?

Eske finalman ou pa sanble ak moun ou di wap konbat yo ?

M pa rete non, m swete w li lèt sa ak anpil atansyon.

Amwalaye !

Ansky HILAIRE, sitwayen angaje.
anskyhil22@gmail.com

Publié le 20 novembre 2018 à 13h27
Mis à jour le 20 novembre 2018 à 13h27

À propos Auteur invité

Les auteurs invités sont des contributeurs occasionnels auxquels Balistrad ouvre ses colonnes pour la publication de textes de réflexion sur des sujets divers. Si vous souhaitez vous aussi partager votre expérience ou votre vision, contactez-nous sur les réseaux sociaux ou sur submit.balistrad@gmail.com. Nous nous ferons un plaisir de les publier, s'ils sont conformes à la ligne éditoriale et aux standards de qualité de Balistrad.
x

Check Also

S’unir pour vaincre la mort. Une proposition de Jacques Roumain dans « Gouverneurs de la rosée »

« Nous mourrons tous », crie Délira Délivrance. Des paroles, ...

Share via
Copy link