2 Personnages

Omaj pou Mechans-T ki chante pwoblèm nou yo epi vle pran yon lòt direksyon

Temps de lecture : 3 minutes

2 PersonnagesNan dènye trak atis la ki te fè anpil it dènyeman, men fwa sa pou move aksyon li te komèt pandan li t ap pèfòme, li bay yon lòt vizaj ki depaman ak sa nou abitye tande nan estil mizik li. Menm jan anpil moun te prè pou kondane l pou sa l te fè men ki rekonèt tò li, mwen prete l plim mwen pou m felisite l pou dènye bèl mizik li fenk sòti kote l ap preche yon lespwa epi pwofite anonse ke li vle pran yon lòt direksyon pandan l vle yon egzanp pou jenès la.

 

Jan nou di l deja, nan yon kokennchenn mizik ki rele « 2 Personnages », atis la ofri nou yon nouvo mizik nan yon nouvo estil nou pa abitye tande l, kote l ap prezante 2 aspè nan pèsonalite l antanke « Mechans-T », atis la, ak « Jonathan » ki se pèsonaj la osinon sitwayen an. Tankou tout moun, Mechans-T raple nou ke li gen bon kote l ak move kote l pandan l prezante tèt li tankou 2 moun diferan. Yon fason pou li fè nou konnen aksyon tout moun ap repwoche l la, se te move aspè nan pèsonalite l ki te pran pye sou li akoz «mank matirite» l.

2 Personnages

Malgre sa, atis la refize jistifye tèt li menmsi li rekonèt ke «lè w admèt ke w fè erè w, lè sa w rale pi gwo fizi». Li pito pran chimen imilite pou l eskize l pou move jès li te fè a epi pa sispann mande sosyete a padon. Tankou pèsonaj Jónatan nan mizik li a raple atis la ki konpare ka l la ak pwovèb ki di : «se sou chen mèg ou wè pis», lè l di l ke l p ap dakò avè l e l «p ap janm epole sa» ; si l f on ti kite atis la yon kote pou l pran plas sitwayen Jonathan, menm li menm ap «deplore» sa. Antouka, jounen jodi a, sitwayen an konseye atis la pa konsidere tèt li kòm yon «senp jèn k ap pran egzanp», men kòm yon «gran» paske sou li, «jèn yo pral pran egzanp».

Li pwofite chante pwoblèm nou yo pandan l ap mande : «kibò peyi sa prale ?» Paske li konstate «n ap vanse pa bak chak ane». Yon lòt bò, li raple move sitiyasyon atis ap viv nan yon «peyi k pa gen dwadotè» ki lakòz «chantè yo ap mouri pòv». Yon lòt kote, li kritike sitiyasyon sosyal peyi a ki responsab deriv jenès la ke li viktim. Ipokrizi resposab iresponsab yo ki kreye yon «sistèm kokobe» ki bwè tout sila ki vle fè jefò rete nan pozitivite, yon kote se moun «pouvwa yo pi plis» osinon ki «gwo zotobre» ki gen lejitimite fè mal epi kondane sa k pi fèb yo.

Anplis, li fè yon bèl pledwari pou jenès la pandan l mande «kisa nou fè pou jèn nou yo k fin tounen on gwo viris ?» Toutfwa, li mete n an gad lè l di “si yo pa pran ka jenès la kounya nou tout ap nan dlo”. Li fini pou l raple nou «si w pa aprann nou (jenès la) jan pou nou kondi ni di n jan pou n pedale, ou mèt kwè m ap toujou gen betiz, n ap toujou debwaye».

Yon lòt fwa, chapo ba pou atis Mechans-T ki pwouve sosyete a ke li pa sèlman kab fè move bagay men li ka fè sa ki pozitif tou. Men tankou li kesyone l nan mizik li a, konbyen moun k ap soutni l nan sa l vle fè ki pozitif nan mitan jenès demanbre nou an ? Moun ki te prè pou kondane l yo ak pil ipokrizi yo a pou fè bòz nan pran pòz moun serye yo, jwèt pou nou pou n kontinye gad anba nou. Kanta mwen, youn nan jèn ki pa chwazi wout negatif la, mwen lonje men m ba ou paske w vle pran wout pozitivite a ak kout plim mwen e m ap prete w ekout mwen pou pwochen albòm ou pwomèt w ap sòti 20 jiyè 2018 la.

Jèn kore jèn nan pozitivite ! Kontinye swiv bon chimen w pran gran frè !

©Filisner DIEUJUSTE, etidyan nan Inivèsite Leta Ayiti (UEH), 23 Me 2018.

À propos Filisner Dieujuste

Filisner DIEUJUSTE, jeune étudiant en linguistique à la Faculté Linguistique Appliquée (FLA) de l’Université d'Etat d'Haiti (UEH) et en journalisme à ISNAC. Passionné de littérature, futur linguiste, aspirant juriste, psychologue et politologue haïtien comptant s'investir dans la vie éducative, intellectuelle et politique de son pays. Aspirant écrivain.
x

Check Also

Ayiti

Politik wa Henry, dola ap bay gaz nan yon peyi san gaz, Edikasyon, legliz seksyèl, ensekirite nonnstòp, 2023 mal pati

Si w te espere nouvèl ane a t ap pote ...

Share via
Copy link