Yon foto ou yon videyo pi enpòtan?

Temps de lecture : 1 minute

Dernière mise à jour : 29 mai 2019 à 13h35

Chak jou, nan lemonn moun pa sispann itilize telefòn yo, swa pou kominike swa pou vann oubyen achte, lokalize yon kote elatriye… Men èske tout fonksyon sa yo telefòn nan ofri yo retire moun nou ye a nan nou?

Sa tounen yon koze sansib sitou an ayiti, pito yo vòlè ak denesans yon moun yo pa vòlè telefòn li. Nou pa ta mete a kote kantite kout men telefòn ba nou nan lavi nou.
Men èske se telefòn nan ki vin ak ipokrizi sa a oubyen li te deja nan nou?
Alèkile lè moun al nan yon seremoni yo pa bay seremoni an chans pou l fèt paske tout moun ak telefòn yo nan men yo y ap fè foto y ap fè videyo san yo pa mete yon atansyon vre ak sa k ap fèt la !
Ase souvan foto ak videyo sa yo ki t ap fèt nan seremoni an pral efase kèk èd tan aprè pou libere espas pou yon lòt pèt detan ankò.

Èske se telefòn nan ki retire imanite nou te genyen an oubyen nou pa t janm genyen?

Si ou poko pran telefòn ou, ou konekte entènèt ou epi ou ale sou youn nan rezo sosyal yo epi ou wè yon videyo yon moun ki fè yon aksidan k ap rele: _ »ede m tanpri, silvouplè pote m sekou »_
Epi w tande yon vwa nan videyo a k ap di : _ »jan w ap gade l la moun sa fèk sot fè yon aksidan la sou wout la, li blese grav li gèlè pral mouri »_
Konnen ou poko konn pouvwa telefòn!
Se vre tout jounalis alèkile, men èske yon foto ou yon videyo pi enpòtan ke sove lavi yon frè oubyen yon sè nou ?

Lavi yon moun pa ka konpare menm ak dènye mak telefòn nan, telefòn nan itil se vre men pa kite l fè nou fè kontrè sa nou ta dwe fè.
Yo souvan di telefòn konekte nou ak moun ki lwen nou men l dekonekte nou ak moun ki prè.
Men lanmou konekte nou ni ak moun ki lwen ni ak moun ki pre nou .

Yon ti degout lanmou ka chanje lavi nou.

Duverger Tyson

À propos Tyson Duverger

Je suis Tyson Duverger. Étudiant à la faculté de linguistique appliquée, slameur et photographe, électricien, intéressé à tout ce qui a rapport avec la psychologie.
x

Check Also

La fête de Pâques et le Kap

Chaque année, nous avons beaucoup de festivités souvent accompagnées d’éléments ...