Yo bon sou mwen

Temps de lecture : 3 minutes

Lè m te timoun, rèv mwen se te pou m vin « blan ». Gwo blan, ti blan, blan mannan; m pa t fè diferans. Pou mwen, tout blan se te blan, tout blan se te gwo blan. Se sa yo te fè m konprann. Se sa reyalite a te ban mwen. Epi, bon blan pa konn ti blan. Bon blan pa konn blan mannan tou. Se bò lakay mo sa yo sèvi jwèt non pou ti ayisyen ki gen po ki pa twò fonse menm jan ak pifò nan nou. Se yo ki ti blan, se yo ki blan mannan. Mwen te vle vin blan paske tout moun te toujou ap di m se yo ki fè avyon, elikoptè, machin, se yo m te konn wè nan televizyon, sou liv lekòl mwen yo. Ki timoun ki pa t gen anvi sa?

Tout pandan m ap grandi, mwen te toujou kwè vin blan se yon etap moun te ka atenn nan lavi. M te panse moun sa yo pi prè Bondje paske yo sanble tèt koupe ak pitit li a [referans: fim La passion du Christ la]. Estil panse sa yo t ap pran djanmte nan tèt mwen pi plis chak jou. E antouraj mwen te jwe gwo wòl pou tablisman yo nan tèt mwen tou. Alepòk, tout imaj moun ki gen menm koulè po avè m ki te konn vin jwenn mwen se te timoun k ap soufri ak kwatchòkò, grangou, tifoyid, elt. Se frekan pou m ta frekan pou m ta di timoun ki sou bwat lèt yo, sou po savon yo, sou bwat sereyal yo sanble avè m. Diferans koulè po a pa t deranje m. M pa t menm wè sa kòm yon pwoblèm. M te twouve sa nòmal paske yo te fè m konprann moun ki fè pwodui sila yo te mete pwòp tèt pa yo sou yo. Sa plis ke nòmal. Men rive yon moman, m te konn poze tèt mwen kesyon: poukisa m pa janm wè yon timoun ki sanble avè m sou yon pwodui? Eske se distribisyon richès la ki mal fèt (si te genyen toutbon vre) oswa se nou, afriken ak tout desandan yo, ki te chwazi bò konsomatè a olye de bò moun k ap kreye yo?

Kòm tout timoun, mwen te reve gran. Mwen te toujou panse yon jou si m al lekòl m ap rive atenn nivo « blan » an. Se yo k te modèl mwen. Mwen pa t ka konsidere patnè bò lakay la kòm modèl paske nan sosyete nwa m ap viv la yo te fè m konprann si patnè sa vide dlo sou li, l ap detenn. Epi tou, se ak non l tout moun te konn fè timoun manje bò lakay; malgre li te save. Kòman w te vle pou m pa t antre nan menm lojik la? Se sa yo ki te anviwonnen m. M pa t gen chwa paske menm vwazen ki te konn di « Cherchez d’abord le royaume des cieux » a, te vin di a yon moman: « Seyè debloke rezidans lan pou mwen souple ». Se tout sa yo ki te fè m panse se te Washington ki te paradi a.

Tan pase, mwen vin gran. Rèv mwen chanje direksyon e m te fè tout efò pou m konstwi yon lòt panse nan tèt mwen. Rive nan filo, se pa ti frap m te konn pran chak lè m tande pwofesè matematik mwen an di « nou fin ak bagay blan an » chak lè l fin rezoud yon egzèsis. Atout pwofesè a te fòme, gen diplòm, suiv plizyè seminè, mwen te reyalize ke li pa janm aksepte ke zafè lasyans se zafè pa l tou. Eske se menm mantalite konsomatè a?

Gen plizyè egzanp m te ka pran ankò pou m moutre kijan sosyete a fòse nou rabese tèt nou. Pifò timoun an Ayiti grandi avèk sa nan tèt yo: yo enferyè parapò ak lòt timoun. Mwen, se lè m vin gran mwen vin pran konsyans ki kantite mal sosyete a te fè m nan sans sa. Lè m vin konprann pa gen moun pase moun, se lè sa tou m vin dekouvri antouraj t ap bon sou mwen. E sosyete a kontinye bon sou anpil lòt timoun toujou. Yo tiye rèv yo nan vant. Konbyen nan yo, menm jan avè m, k ap ka rive plase tèt yo nan menm nivo ak tout moun? Kilè ti ayisyen ap sispann reve li ka rive blan yon jou?

À propos Carl Edens Pierre

Carl Edens Pierre fait une étude en linguistique appliquée à l'Université d'Etat d'Haïti (UEH). Né à Croix-des-Bouquets, Il est écrivain-poète.
x

Check Also

CLIHA lance « A bout portant » !

« Ayiti, entreprendre et réussir », c’est autour de ce ...

Share via
Copy link